Discours du Premier Ministre

Fête de l'agriculture et du travail (1er mai 2023)



Frèm ak Sèm yo

Map salye nou tout jodi 1er mai 2023, ki se jou Travay ak Agrikultu.  Mwen vle jodi a, fè yon rale sou kesyon ekonomik ak sosyal yo, paske se de fakte ki ka ede nou regle pwoblèm peyi a. Mwen konnen li difisil pou nou fete travay, lè nou gen anpil jen-n fanm ak jen-n gason ki pap travay, e ki bezwen kite chomeko.  Mwen konprann li difisil pou nou fete agrikultu, pandan pwoduksyon nasyonal la ap bese.  Mwen konnen gen peyizan ki blije kite plantasyon yo ak tout rekòt, akoz ensekurite.

Se sou pwoblèm sa yo mwen vle pale ak nou.  Men, sa kap pase nan peyi a depi kèk jou, pa ka kite e pa dwe kite pèsò-n endiferan.

Ayiti chwazi demokrasi kòm modèl gouvènman.  Ensekurite nap viv la revoltan. Nou konprann, Pèp la bezwen reprann aktivite li.  Nou konprann nou about.  Men, pa kite move plan fè nou fè jwèt bosal.  Tèt Frèt, tankou sa fèt nan vil Okpap la,  Men dan lamen, Lapolis ak pèp la, ap mare tout bandi e ap remèt yo bay la jistis.  Gouvènman an, janm te toujou pwomèt nou, ap travay ak patnè lokal, tankou entènasyonal, pou nou tabli sekurite nan peyi a.  Vle pa vle, wè pa wè, sa gen pou fèt.

Nou pap bese tèt devan bandi. Nou Ayisyen, nou se yon pèp vanyan ki kanpe devan yon lame ki te pi fò pase nou, e nou fè 1804, e nou fini ak lèsklavaj.    Se nan tèt ansanm, nap mete yon bout nan zafè gang ak ensekurite a.  Map pwofite di tout moun ki vle pran woulib sou frustrasyon pèp la, sa pap pase.

Polisye nou yo ak tout kòmandan yo, bay yon bèl egzanp detèminasyon ak kouraj.  Yo merite felisitasyon ak rekonèsans tout nasyon an, pou travay yo.  Map mande kompatryòt mwen yo, malgre sa yo subi nan men bandi, pou yo rete tèt frèt.  Mwen konprann kòlè yo, mwen konprann yo ta renmen fini ak zafè ensekurite sa a.  Se pou sa map mande tout moun, kontinye kolabore ak Lapolis, kontinye akonpaye Lapolis, kontinye  bay lapolis enfomasyon, sou tout moun ki sispèk nan zò-n lakay yo. 

Peyi a bezwen retwouve lapè.  Peyi a bezwen retwouve plis serenite.  Peyi a bezwen sekurite pou nou ka kòmanse takle lamizè, chomaj, grangou, malsite, kap toupizi kretyen vivan.

Akoz ensekurite, nou pèdi anpil djòb nan faktori yo.  Akoz ensekurite, anpil ayisyen pati kite peyi a.  Ak ensekurite jan li ye jounen jodi a, envèstisè etranje pap vi-n envèsti nan peyi a, pou kreye djòb nou bezwen yo.  Ak ensekurite sa a, touris ak dyaspora pap ka  vi-n depanse lajan nan peyi a e achte pwodui lokal nou yo. 

Pou nou byen fete fèt travay, fòk gen travay.  Peyi a, gen twòp moun nan chomaj.  Sa mande yon gwo konbit, yon tèt ansanm, yon pwojè nasyonal, ke nou tout ka mete nou dakò sou li.  Se sèl jan pou nou sispann ak chire pit nan mitan nou,  pou nou bay tèt nou objèktif, nou ka reyalize ansanm.  Fòk sendika, ouvriye ak patwon kontinye travay ansanm, nan bò-n antant, pou nou kapab kenbe djòb nou genyen yo, e pou plis djòb ka kreye nan peyi a.

Nan okazyon Fèt Travay la, ane sa a, Gouvènman an salye tout travayèz ak tout travayè, ki pèmèt peyi a kontinye fonksyone, malgre tout difikulte yap rankontre chak jou.  Yon gwo kout chapo pou  tout travayèz ak travayè ki nan fòs sekurite nou yo, lapolis tankou lame, kap riske vi yo chak jou san gran mwayen nan men yo.  Gouvènman an ap kontinye fè sakrifis, lap kontinye fè demach,  pou enkadre yo pi byen, e ba yo plis materyèl ak plis ekipman pou yo kontinye ban nou pi bon rezulta. 

Map panse ak ansèyan nou yo, e map di yo mwen tande, e mwen konprann revandikasyon yo.  Gouvènman an deja fè yon gwo jefò pou revalorize salè tout anplwaye leta yo an 2022.  Se nan dyalòg ak konsètasyon pou nou jwenn solusyon pwoblèm yo.  An nou bay Ti moun yo yon chans, Paske konèsans, se pi gwo byen nou ka ba yo. Ensekurite déjà fè yo pèdi anpil jou lekòl.  Fòk nou fè tout sa nou kapab, pou pitit pèp la pa kontinye viktim e ka byen fini ane skolè  a. 

Mwen pa ka site tout sektè yo, men jodi a se 1er mai, mwen gen yon mo espesyal pou peyizan nou yo, pou moun kap travay la tè, pou madan sara yo.  Vant nou tout  sou kont yo.  San yo, nou pa tap ka pale de pwoduksyon nasyonal.  San yo, pri manje tap kontinye monte pirèd.  Nou konprann situyasyon sèktè a.  Angrè, semans, ensèktisid, vi-n pi chè akoz laguè ki genyen an Ewòp la.  Manje ap gaspiye nan sèten zò-n nan peyi a, paske bandi bloke wout.  Manje kap sòti nan zò-n pwoduksyon yo, pa ka rive nan mache.

« Agrikilti ak travay se fòs pou konbat vyolans ak grangou », se tèm sa a, gouvènman an chwazi ane sa a pou make dat premye me a, ki se Fèt Agrikilti ak Travay.

Se yon sektè ki bay anpil moun travay, menm si anpil nan yo ap travay nan kondisyon difisil, san twòp ankadreman.

Ayiti gen kapasite agrikòl ki ka pèmèt li bay tout pitit li manje e menm èkspòte nan lòt peyi.  Si nou kwape ensekurite a, nou kap fè sa.  Li pa nòmal pou nou gen tout posibilite sa yo, epi nou gen plis pase 5 milyon konpatriyòt ki nan ensekurite alimantè.  

Konsa, li bon pou nou sonje ke, nan kòmansman ane sa a, Gouvènman an te lanse yon pwogram, sou sekirite alimantè. Youn nan objèktif pwogram sa a, se pote yon repons rapid bay plis pase 5 milyon frè ak sè nou, ki nan difikilte pou yo manje chak jou. Se yon gwo defi pou Leta a, men nou gen konviksyon, inisyativ sa a ap bay rezilta, menm lè vyolans gang yo ki anvayi anpil zòn kote nou pwodui manje, anpeche li develope jan li ta dwe a.

Mwen pa ka bliye travayè Leta ki nan la Dwann, ki resi fè resèt yo pase de 3.5 a 11.8 milya goud nan mwa mas la.  Mwe swete Tout anplwaye Leta, nan tout administrasyon an, bay menm kalite rezulta sa yo.  Map pwofite di tout moun kap mande kote kòb sa yo pase, sa nou fè ak li.

Se ak lajan sa, nou achte blende, materyèl ak munisyon pou Lapolis.

Se ak lajan sa a, san mande prete la bank, Leta depi semenn pase, kòmanse peye Lapolis ak pwofesè mwa davril la, e li ta dwe fini peye tout moun nan jou kap vini yo.

Se ak lajan sa a Leta peye tout aryere tout an plwaye Leta ki a letranje.

Se nan serye ak disiplin, nan jere lajan Leta, ki fè patnè entènasyonal yo rekòmanse fè nou konfyans.

Se gras a ogmantasyon resèt yo, Leta rive konplete lajan FMI bay, pou Pwogram FOOD SCHOCK WINDOW a, ki pral pote yon soulajman dirèk pou plis pase 800 mil fanmi ki gen pou resevwa dirèkteman sou telefò-n yo, yon tchotcho, an 2 ou 3 vèsman, ant jodi a ak mwa sèptanb.  Sa ap konsène prè de 500 mil paran elèv ki nan zò-n vulnerab yo, 60 mil ouvriye nan faktori yo, e 100 mil transpò publik.  Gen moun ki pral resevwa tou, kit alimantè e ki pral gen aksè a rèstoran komunotè.  San konte moun ki pral travay nan netwaye kannal, kure sistèm irigasyon, travay nan pwotèksyon basen vèsan yo elatriye.

Tout sa mwen di la yo se bagay moun ki vle ap ka verifye yo.  Nou mande Kou dè Kont ak Enspeksyon Jeneral Finans pou yo fè odit nan tout ajans Leta kap patisipe nan pwogram lan.

Frèm, Sèm,

Konpatriyot mwen yo,

Nou tout k ap travay pou yon sèl koz nasyonal,

 

Mwen vle fini sou yon nòt espwa.  Sa kap rive peyi Dayiti jodi a, se pa yon fatalite.  Ansanm nou ka fè fas, Ansanm nou ka chanje sa. 

Pou peyi a tounen nan fonksyònman nòmal li, gouvènman an ap travay ak HCT, pou òganize yon gwo forum sou sekurite ak yon fèy de wout pou nou fè yon bon pase men nan gouvènman an.  Nap kontinye travay tou ak tout moun nan sosyete sivil la ki vle, pou avan lontan, nou ka mete yon KEP an plas pou nou fè bon jan elèksyon.

Nou konnen gen ensekurite, fòk nou nou kontinye konbat li pandan nap travay pou nou ale nan bon jan eleksyon. 

Nou konprann gen moun ki pa dakò, men se nan élèksyon pou nou soti nan sa nou ye la a.

Ayiti, se pou nou tout li ye. Se nou tout ki pou pote kole pou mete l kanpe e pou ranfòse, anvan lontan, enstitisyon demokratik yo, a travè bon jan elèksyon. Se jefò sa a pou nou fè, si nou vle peyi a pran chimen lapè, chimen devlopman. Se sa ki kapab garanti bon jan klima, pou envestiman ak kreyasyon djòb.

An nou tout mete men nan konbit pou lapè, konbit pou sekirite, konbit pou pwogrè sosyal ak pwogrè ekonomik.

Bò-n fèt travay, Bo-n fèt agrikultu

Ke Bondye beni AYITI.